Nan kesyon travay, yon kontra pa janm etènèl. Atik 37 nan kòd travay Ayisyen an bay diferan fason yon kontra kapab kanpe. Denye alineya nan menm atik la fè konnen yonn nan fason pou kanpe l se lè yonn nan pati yo desi kanpe l san li pa bezwen apwobasyon lòt pati a. Sa vle di salarye a kapab deside di li pap travay pou antrepriz kote l tap travay la ankò, konsa tou patwon an kapab deside pou li kanpe kontra moun ki ap travay avèk li a. Lè se patwon an ki deside kanpe kontra salarye a yo rele sa nan dwa travay Ayisyen an yon revokasyon.
Kòman yo kapab revoke yon moun nan yon travay
Kòd travay ayisyen an nan atik 42 pou rive 46 bay de (2) kalite fason yo kapab revoke yon travayè. Premye a se san preyavi. Sa vle di imedyatman yo enfòme salarye a, kontra a tou kanpe menm kote a. Dezyèm nan se revokasyon ak preyavi. Preyavi a li menm se yon peryòd salarye a ak anplwayè a dwe respekte avan yo mete fen nan kontra a (Puigelier, 2015).
Revokasyon san preyavi
Revokasyon san preyavi a se lè patwon an pa tann peryòd kite dwe ekoule avan li kanpe kontra salarye a men lalwa bay pwovizyon legal pou l’ kabap fè sa. Genyen divès rezon ki kapab koz yo kanpe kontra yon salarye san preyavi, men majorite moun toujou fokis sèlman sou atik 42 a.
Revokasyon san preyavi daprè atik 42
Jeneralman yo plis kanpe kontra salarye san preyavi ak atik 42. Me kisa yon anplwaye dwe fè pou li kapab jwenn Revokasyon l daprè atik 42
- Lè salarye a komèt vyolans fizik oubyen vèbal kont anplwayè a oubyen kont yon lòt travayè ;
- Lè travayè a komèt enfraksyon kont byen patwon an oubyen lè li lakoz dega rive nan materyèl travay la, oubyen lè travayè a mete sekirite moun kote travay la ap fèt la an danje ;
- Lè salarye a pase 3 jou yonn aprè lòt san li pa vin travay oubyen lè li pase 4 jou li pa vin travay nan menm mwa a san li pa bay yon motif valab epi san otorizasyon patwon an ;
- Lè travayè a kontinye pa respekte prensip travay la malgre li pran avètisman pou sa ;
- Si patwon an dekouvri avan 4 mwa travayè a te ba l’ manti sou kalite/konesans ak diplòm lè yo t’ap siyen kontra a ;
- Lè travayè a kondane pou l pase plis pase yon mwa nan prizon aprè tribinal te fin jije l;
- Lè travayè a pa respekte tout sa ki te di nan kontra travay li ak lè li pa rèspèkte sa atik 30 kòd travay la di.
Revokasyon san preyavi pou lòt rezon
Aprè atik 42 ki bay yon ansanm rezon ki kapab koz yo kanpe kontra yon travayè san preyavi genyen kèk lòt rezon kòd travay la bay ki kapab koz yo kanpe yon kontra san preyavi tou.
Nan atik 36 nan kòd travay la yo fè konnen yon travayè ka pran pou pi plis twa (3) mwa konje nan ka kote l malad epi li voye yon sètifika medikal ki soti nan yon lopital Leta. Aprè twa (3) mwa patwon an gen dwa anile kontra travayè a men lè sa lap gen pou li peye li konje maladi l ak tout prestasyon legal lalwa prevwa yo.
Lòt rezon ki kapab fè yo revoke travayè a san preyavi ankò se pou kesyon grèv ki mal fèt. Nòmalman tout travayè gen dwa pou yo fè grèv lè yo jije kondisyon travay yo pa reponn ak atant yo. Men kòd travay la prevwa klèman nan atik 203 pou rive 209 kòman pou grèv la fèt pou li ka legal. Nan ka kote grèv la fèt san li pa rèspèkte kondisyon ki etabli pou sa yo, atik 210 kòd travay la fè konnen yo kapab kanpe kontra moun ki t’ap fè grèv yo san yo pa oblije peye preyavi a.
Revokasyon ak preyavi
Pou revokasyon ak preyavi a, lalwa peyi Dayiti prevwa de (2) fason yo kapab fè sa.
Premye fason : Yo kapab kanpe kontra travayè a ak efè imedya. Sa vle di responsab yo enfòme l de sa epi yo tou fè l konnen li pap genyen pou li tounen travay nan antrepriz la ankò. Lè sa a y’ap gen pou yo peye l yon kantite kòb pou paske yo pa kite l fè tan preyavi li te dwe fè a. Yap gen pou yo kalkile kòb sa an fonksyon atik 45 nan kòd travay ayisyen an ki di :
Soti 3 mwa pou rive 12 mwa travay,yo dwe peye l 15 jou travay
Soti 1 lane pou rive 3 zan travay, yo dwe peye l yon mwa travay
Soti 3 zan pou rive 6 zan travay, yo dwe peye l 2 mwa travay
Soti 6 zan rive 10 zan travay, yo dwe peye l 3 mwa travay
Apre 10 zan travay, yo dwe peye l 4 mwa travay
Dezyèm fason : Lòt fason yo kapab kanpe kontra yon anplwaye ak preyavi se an fonksyon atik 46 nan kòd travay la. Lè sa yo pap oblije peye moun nan okenn kòb. Atik la di kontra travayè a toujou an vigè pandan peryòd preyavi a. Pi ba menm, atik la fè konnen travayè a pa gen dwa a okenn kòb dedomajman pou preyavi a. Nan ka sa, patwon an jis enfòme travayè a l’ap kanpe kontra l men se pa ak efè imedya. Nan ka sa, travayè a jis ap travay pandan kantite tan ki rete l pou l travay nan antrepriz la. Kantite tan sa ap kalkile an fonksyon atik 45 la epi moun nan ap kontinye touche menm kantite kob li te konn touche a.
Me Roll Emile Ludwill
(509) 4341-5558
rollemile2@gmail.com
Mèsi anpil Mèt Roll!
Bon travay Me Roll👏👏