Refleksyon sou jesyon “Fon nasyonal pou ledikasyon”

Jou ki te 22 septanm 2017 la, nan yon nimewo espesyal, jounal ofisyèl nan peyi Dayiti, te piblye sou lòd prezidan Jovenel MOÏSE, lwa ki pale sou kreyasyon ak oganizasyon Fon nasyonal pou ledikasyon aprè li fin jwenn ratifikasyon 2 chanm yo nan palè lejislatif la. Misyon li se patisipe nan jefò pou yon edikasyon pou tout moun nan Repiblik la ak jere lajan ak byen ki la pou finanse tout depans ki lye pou edikasyon tankou depans pou eskolarite nan avantaj tout ekolye ayisyen ; pwojè ak etid ki kapab kontribye nan avansman edikasyon pou timoun epi konstriksyon ak amelyorasyon tout batiman lekòl nan peyi a.

Depi nan kanpay elektoral pou jouk li rive nan fonksyon prezidansyèl, Michel Martelly te toujou fè edikasyon gratis pou tout moun kòm yon zouti konba. Men depi avan sa, manman lwa peyi Dayiti a ki se konstitisyon 1987 la nan atik 32-1 an ki di : « Edikasyon se yon responsabilite pou Leta ak tout kolektivite sou teritwa a. Yo dwe mete edikasyon gratis pou tout moun ; epi voye zye sou nivo fomasyon anseyan yo nan sektè piblik la ak prive a. » Se konsa, pwogram edikasyon pou tout timoun nan peyi a pa te yon favè prezidan Martelly, ni kelkeswa rejim politik la, men se yon obligasyon Konstitisyon an bay ak yon dwa pou tout timoun nan monn nan.

Apre 6 jou prezidan Martelly te fin monte sou pouvwa, li te lanse pwogram ki rele Fon nasyonal pou ledikasyon an. Pou li te jwenn lajan pou fon sa, li te enpoze  2 nouvo taks  ki tap soti nan apèl telefonik entènasyonal yo ak transfè lajan nan peyi letranje pou rantre an Ayiti. Pou li rive fè sa, prezidan an te deside pran 5 santim sou chak minit apèl entènasyonal pou rantre Ayiti ak 1.5 dola ameriken sou chak transfè lajan entènasyonal. Daprè chèf Leta a, objektif la se peye lekòl pou 1.5 milyon timoun  nan peyi a.  

Estrikti

Nan chapit 3 dokiman lwa ki kreye Fon nasyonal pou ledikasyon an, yo di kòman Fon nasyonal pou ledikasyon konstitiye, anba ki titèl li ye, kiyès kap jere li ak konbyen manb.

Atik 5 lan di : Fon nasyonal pou ledikasyon konpoze ak 2 ògan santral fi diferan : 1) Konsèy administrasyon an ; 2) Direksyon jeneral

Atik 6 lan di : Konsèy administrasyon an konpoze ak 5 manb : a) Ministè ekonomi ak finans oubyen reprezantan li a ; b) Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl osinon reprezantan li ; c) Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn osinon reprezantan li ; d) Ministè ayisyen yo kap viv nan peyi letranje oubyen reprezantan li ; e) Yon reprezantan nan sektè sendika ansèyan yo.

Atik 7 la di : Se reprezantan ministè edikasyon nasyonal ak fomasyon pwofesyonèl la kap prezide konsèy administrasyon ak reprezantan ministè ekonomi ak finans kap vis-prezidan.

Dapre atik 10 la, misyon konsèy sila a se : a) Defini politik jeneral ak objektif estratejik Fon nasyonal sa ; b) Detèmine oryantasyon aktivite Fon nasyonal sa ak veye sou demach li yo ; c) sipèvize tout aktivite Fon nasyonal sa ak lot ankò.

Atik 20 an di se : Minis edikasyon nasyonal kap pwopoze yon moun ki pou vin dirije direksyon jeneral la. Apre prezidan Repiblik la ap nome li sou yon arète nan yon konsèy minis.

Sous finansman pou Fon nasyonal pou ledikasyon an

Apre atik 24 la ki di kote lajan pou finanse Fon nasyonal la ap soti, atik 25 lan kontinye pou di lajan sa ap soti : a) Sou chak minit apèl entènasyonal rantre tankou soti ; b) Sou chak transfè lajan entènasyonal ; D) Yon ti pousantaj sou Lotri Leta ayisyen ; F) Yon ti pousantaj sou tout pwodwi alkowòl kap enpòte ak pwodwi tabak yo ak lòt resous ankò.

Atik 26 la di se : Tout resous finansye Fon nasyonal pou ledikasyon plase sou yon kont ki ouvri nan bank santral peyi a.

Dout ak konfizyon sou lajan sila a

Depi Fon nasyonal pou ledikasyon an te fin kreye, anpil kritik te kòmanse ap tonbe sou fason yap jere lajan sila a ; li te koz anpil reyaksyon nan opinyon piblik la sitou nan laprès pale ak ekri. Yo pa janm fin konnen konbyen lajan egzakteman yo te ranmase nan non Fon nasyonal sa. Pou raple, se Bank santral ak Konatel ki responsab pou rasanble lajan sa yo. Yo te remake yon kontradiksyon ki te gen ant yon deklarasyon prezidan Michel Martelly ak responsab yo nan konatèl. Nan jou ki te 14 desanm 2012 la, Konatèl te enfome li te kolekte soti nan peryode 15 jwen 2011 rive 14 desanm 2012, yon sòm lajan ki evalye a 36,541,608.79 dola meriken nan konpayi telefonik yo. Konatèl presize, 4,800,634.66 dola soti nan konpayi Comcel ; 31,440,041.38 dola soti nan Digicel ak 300,932.75 dola soti nan Natcom. Tandiske, 4 jou avan prezidan Martelly te bay yon chif ki kontrè. Men atansyon, pa blye nou pa kontwole lajan kap soti nan transfè lajan entènasyonal yo. Bank santral nan peyi Dayiti gen rapò pa li, se li ki kolekte lajan transfè entènasyonal yo.

Bilan

Si nap fè yon ti matematik, pou 5 santim sou chak minit apèl telefonik entènasyonal, Leta ayisyen sipoze resevwa  100.000 dola meriken chak jou. Si nap miltiplye pou 30 jou, nap ankese 3.000.000 dola meriken nan yon mwa. Sa vle di, si nap gade nan reyalite a, kantite lekòl ki konstwi, pwofesè ki pa ka touche, kantite timoun ki ale lekòl, nap rive mande kote lajan sa pase. Menm si ankò gouvenman ki sou plas la ap fè kèk pwogram ki lye ak edikasyon, yo pa ka konsome tout lajan sila. Jiskaprezan peye edikasyon pou timoun nan peyi Dayiti rete yon kalvè pou paran Ayisyen. Obligasyon konstitisyon an bay poko janm rive respekte nan peyi a. Pou fini, tout sa ki pa fèt nan transparans se pitit kòripsyon li ye.

Sous : Jounal ofisyèl Monitè

Konstitisyon 1987 la

Canada-haiti.ca

A propos de l'auteur:

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :