Asèlman seksyèl (tizonay) nan travay : Kisa lalwa di

Nan zafè travay gen anpil eleman ki dwe rantre an kont pou pèmèt  genyen yon bon anviwònman pou evolisyon travay la nan kèlkeswa enstitisyon li ye a. Anpil fwa, kondisyon yo pa reyini epi anplwaye yo fè fas a kèk bagay ki konn anpeche yo fè travay yo konvenableman, san diskriminasyon epi ak diyite jan sa ta dwe ye a. Asèlman seksyèl (tizonay) nan espas travay se yonn nan eleman ki anpil fwa anpeche anplwaye yo santi yo konfòtab. Moun ki gen lòt mwayen konn prefere kite espas travay la pou li ale nan yon lòt. Men moun ki pa gen lòt mwayen konn prefere rete soufri anba sitiyasyon estrès sa ki, anpil fwa, konn gen gwo enpak sikolojik sou moun kap sibi asèlman seksyèl la.

Kisa Asèlman seksyèl (tizonay) la ye

Puigelier Catherine ekri nan yon diksyonè jiridik ki te soti nan lane 2015, li konsidere kòm Asèlman seksyèl (tizonay) lè yon patwon, yon reprezantan li,  oubyen nenpòt lòt moun eseye itilize otorite li genyen pou li kapab mete yon lòt moun nan sitiyasyon pou li jwenn favè seksyèl nan men l. Lè yo di favè seksyèl li pa oblije sèks dirèkteman, li kapab se manyen kèk pati sansib nan kò moun nan tankou : dèyè ak tete fi a,  oubyen manyen devan pantalon gason an. Konsa tou, li kapab se nan pawòl l ap repete moun nan.

Kesyon asèlman seksyèl (tizonay) se yonn nan sitiyasyon ki plis ka deranje moun nan travay epi ki sitou mete medam yo pa alèz. Sitiyasyon sa anpil fwa parèt tankou yon gwo desepsyon pou anpil moun. Nan ka kote moun ap sibi zak tizonay la, li posib anpil fwa pou efikasite moun sa vrèman bese nan travay li. Sa ka lakoz  tou anpil travay pa arive byen fèt.

Kisa lalwa di sou asèlman sekyèl (tizonay) la?

Nan peyi Lafrans ak anpil lòt peyi, yo mete enstriman jiridik pou pwoteje tout moun kont sitiyasyon sa yo. Malerezman nan peyi Ayiti pa gen okenn kote nan lejislasyon peyi a yo pale sou asèlman seksyèl (tizonay). Ni kòd travay la, ni kòd penal ki an fonksyon an pa pale sou pwoblèm sa a dirèkteman. Men erezman, nouvo kòd penal ki ap gen pou antre an vigè pa twò lontan an ap pale sou sa ak tout sanksyon ki rezève pou li nan atik 307 ak 308 yo. Nan enfraksyon seksyèl yo, kòd penal ayisyen ki an fonksyon an pran an kont atent seksyèl, agresyon seksyèl, vyolans seksyèl men yonn nan sa yo pa gen rapò ak sa yo rele asèlman seksyèl (tizonay) la. Sa rann anpil fwa sitiyasyon sa pa vrèman ka regle pa vwa jiridik. Anpil nan moun ki ap fè asèlman seksyèl (tizonay) yo konnen sa trè byen, epi li pèmèt yo kontinye repete aksyon sila san yo pa riske okenn sanksyon. Fèblès sa a konn anpil fwa koz viktim asèlman yo prefere rete nan silans yo, pandan y ap sibi fòm presyon sa  ki sou tèt yo a olye yo denonse moun ki ap fè aksyon an,  paske anpil fwa viktim yo konn pa vle pèdi djòb yo.

Malgre absans enstriman jiridik espesifik sou kesyon asèlman seksyèl (tizonay) la pou moman an, anpil moun ki ap travay nan sektè prive ak nan ONG yo konn gen kèk rekou ki ka pèmèt omwen yo jwenn pwoteksyon ak jistis. Premye pati  ki nan atik 30 nan kòd travay ayisyen an fè konnen anplwaye a dwe respekte tout ti detay ki gen pou wè ak sa lalwa di epi ak sa règleman nan travay la di. Dènye pati a li menm  fè konprann anplwaye a gen obligasyon pou li rèspèkte tout sa ki di nan kontra a. Nan ka sa gen de (2) posibilite ki vin prezante.

Premye posibilite : Nan redaksyon règleman entèn konpayi a yo ka mete yon pati ki konbat Asèlman seksyèl (tizonay) la.

Dezyèm posibilite : Nan kontra a kapab genyen yon kloz ki pale sou entèdiksyon Asèlman seksyèl (tizonay) la ak sanksyon ki rezève pou moun ki pa respekte sa règleman yo di.

Kisa viktim nan ka fè si enstitisyon li ladan l lan entèdi asèlman seksyèl (tizonay) nan kontra oubyen nan règleman entèn nan

Nan ka kote enstitisyon an entèdi klèman zak asèlman seksyèl (tizonay) swa nan kontra ou siyen an swa nan règleman entèn nan,  gen plizyè aksyon ou ka poze :

Premye aksyon ou ka poze se pale klè ak moun ki ap fè zak asèlman seksyèl (tizonay) la pou li kanpe sa rapid paske w pa aksèpte sa.

Dezyèm aksyon ou ka poze se pote plent pou moun sa a nan biwo resouzimèn enstitisyon wap travay ladan l lan. Si tout fwa  pa gen yon biwo resouzimèn ki la pou jere konfli sila,  ou sipoze pote plent bay siperyè li oubyen bay direktè travay la.

Twazyèm bagay ou ka fè se pote plent nan biwo travay ki nan afèsosyal ki nan zòn kote wap travay la.

Katriyèm bagay ou gen dwa fè se pote plent dirèkteman nan Better Work. Men pou ka sa a fòk wap travay nan faktori epi fòk ou asire w endistri wap travay ladan l lan afilye ak Better Work.

Lòt posibilite ki egziste ankò pou kèlkeswa moun ki sibi zak asèlman seksyèl (tizonay)

Malgre pwoblèm sa pa mansyone klèman nan kòd penal ki an vigè a, genyen ka ki ka prezante kap pèmèt viktim nan pote plent tribinal. Nan ka kote moun kap fè asèlman an ta va touche pati entim nan kò li, li gen dwa fè yon aksyon an jistis pou agresyon seksyèl an fonksyon atik 278 nan kòd penal ki an vigè a.

A propos de l'auteur:

One thought on “Asèlman seksyèl (tizonay) nan travay : Kisa lalwa di

  1. Bon atik ! Se yon fenomèn ki repann nan sosyete a men manke gen vwa ki denonse. Atik konsa ap ede plis moun konprann li, dwa yo, elatriye.

Laisser un commentaire

En savoir plus sur Le Firmin

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Continue reading