Sans mouvman DECHOUKAY la gen nan lavi sosyal ak politik nou kòm pèp, daprè kèk opinyon

Depi 6, 7 jiyè 2018, kategori sosyal ki rele mas popilè a pran lari pou denonse kòman LETA ap mal dirije peyi a. Nan moman sa, yo fè dechoukay nan plizyè gwo antrepriz ak kay kèk moun yo sible ki nan jwe kat ak Leta anba tab. Aprè soulèvman sa, kote okenn moun pa te atann sa, mo Dechoukay la tounen yon refren nan lèv anpil moun kap soti pou ale manifeste kont lavi chè. Sa tou kreye gwo panik lakay kèk moun nan klas mwayèn nan ak gwo biznismann anndan peyi a. Nan kontèks sa, ann wè ki sans fenomèn Dechoukay la gen nan lavi sosyal ak politik nou kom pèp daprè kèk opinyon.

Gen kèk dat ki ka raple n gwo soulèvman pèp ayisyen an, dat ki pi resan yo se 17 òktòb 2018, 18 novanm menm ane a. Aprè moman sa yo, mas popilè a toujou jwenn yon okazyon pou l pran lari. Se yon fason pou yo reziste oubyen pou koupe fache ak Leta. Yo manifeste sa sou plizyè fòm, tankou anpil manifestasyon pou denonse enkonpetans dirijan yo, peyi lòk, dechoukay, elatriye.

Mo dechoukay la sòti lè y ap chanbade yon kay, yon enstitisyon. Istoryen Roger Gaillard te itilize mo sila lè yo te debalize kay Anténor Firmin, nan lane 1902, aprè l te fin chape poul li. Men mo sa te kòmanse jwenn sans popilè li nan lane 1986, lè yo te deside kraze brize ak kouri dèyè Tonton Makout, ak lòt moun yo sispèk ki te nan kannikèl ak gouvènman an jis yo rive mete do rejim diktati a atè. Pèp la te itilize fason sa pou eksprime jan yo pa kontan. 

Nan lane 2022 a, sa gen yon mwa anviwon depi menm mouvman sosyal sa, ki se dechoukay, pa sispann fèt nan plizyè gran vil nan peyi a, si n pran site Pòtoprens, Okap, Podepè, Gonayiv pou n site sa yo sèlman. Nan sousi pou founi je sou reyalite sa a epi fè ti refleksyon sou li, plizyè sitwayen te pataje ak nou kijan yo konprann li.

Pou n konprann fenomèn sa, sosyològ Grégory Songer Clerveaux te fè yon gran rale. “Nan istwa politik peyi a, dechoukay pa yon fenomèn ki twò nouvo epi petèt li ka poko ap disparèt tou”, deklare Grégory. Li avanse pou l di: “sòti nan fen diznevyèm syèk la rive jodi a, peyi a konnen plizyè epizòd dechoukay”. Pou site kèk nan yo, dechoukay kont tonton makout 7 fevriye 1986, dechoukay sou senpatizan prezidan Aristide an 2004 (moun ki te rele chimè/rat pa kaka yo), epi 6,7 jiyè 2018.

Selon sosyològ Clerveaux, dechoukay ta ka konsidere kòm fòm langaj, ekspresyon yon refi total yon lòd sosyal. Pou konprann lèkti sa a, fòk nou ta monte nan peryòd kolonyal la. Nan batay kont lesklavaj la, esklav yo te konn ratibwaze oubyen boule tout sa yo jwenn sou wout yo pandan yo t ap maspinen kolon yo. “fòmil koupe tèt, boule kay la se yonn nan diskou nou te ka di ki premye patisipe nan lejitime dechoukay kòm modèl mouvman sosyal pandan pakou istorik nou kòm pèp ” selon lide Grégory S. Clerveaux. Li avanse pou l di, tankou Pwofesè Leslie Manigat ta ka di, li gen enpresyon dechoukay rete nan sibkonsyan kolektif nou kòm pèp, kòm yonn nan mwayen ki pi efikas pou n eksprime dezakò nou ak kèlkeswa rejim nou ap rechte oubyen vanje kont li.

“Fòmil koupe tèt, boule kay se yonn nan diskou nou ta ka di ki premye patisipe nan lejitime dechoukay kòm modèl mouvman sosyal pandan pakou istorik nou kòm pèp.”

Toujou nan demach pou chèche moso limyè sou fenomèn nan, Nixon Mesadieu ki se etidyan finisan nan syans politik epi militan pou byennèt sosyal fè konprann dechoukay mete toutouni sistèm politik ak sosyal sa a ki tabli kò l nan peyi a depi plis pase 200 lane. Li fè yon metafò ki ranplase mas popilè yo pa bèt pou montre jan oligak yo ak kominote entènasyonal la trete mas pèp la. “Bèt yo la se sèlman pou manje, epi fè bagay pou fè pitit y ap viv, se nan sitiyasyon sa oligachi a an konplisite ak kominote entènasyonal la mete mas popilè a” . Li kontinye nan menm lide a pou konpare trètman lanati bay bèt yo ak sa garan sistèm sosyal ak politik la bay mas popilè yo nan peyi a: « men diferans ki genyen an, lanati mete bèt yo nan kondisyon pou jwenn manje, pandan garan sistèm nan pa bay pèp la posibilite pou jere sa li menm ».

Selon jèn militan pou byennèt sosyal la, Moun ki grangou paka panse pou mande bon jan lekòl, lopital, dlo trete, elektrisite, meyè kondisyon lavi. Kidonk yo mete mas pèp la nan pozisyon pou toujou ap plenyen grangou, tèlman yo prive l de minimòm kondisyon pou l viv tankou moun. “Nou pap ka fè lamoral yon pèp ki grangou” deklare Nixon.

“Fenomèn dechoukay la mete toutouni sistèm politik ak sosyal sa a ki tabli kò l nan peyi a depi plis pase 200 lane.”

Bò kote pa l, Max Antonentz Charles ki se yon jèn jounalis ki toujou prezan nan manifestasyon yo estime trè souvan, manifestasyon yo vire an dechoukay. Jounalis la fè konnen li obsève dechoukay la plizyè fason epi li pa monte abò ak li ditou. ” M genyen respè pou sa moun redi konstwi, kèlkeswa moun li ye a. Chak biznis nou dechouke se plis chomaj nou kreye”, kòmante jounalis la. Li remake nan manifestasyon yo, tout moun pa vin pou menm objektif, genyen ki vin manifeste pou move kondisyon y ap viv, genyen ki vin piye, dechouke afè moun.

“Aprè rale mennen vini sa yo, Sosyològ Grégory konsidere dechoukay k ap fèt nan noman sa yo, tankou tout lòt avan yo, kòm yon ekspresyon klè dezakò mas popilè yo ak pouvwa an plas la epi li fè parèt klè kou dlo kokoye volonte ak kouraj pèp ayisyen pou bwave tout danje pou reponn ak bezwen primè yo ki poko janm ka satisfè”. Li panse, an 2022, rive manje chak jou rete yonn nan gwo objektif anpil ayisyen ta swete atenn.

“Nan sans sa a, sosyològ la estime pa gen okenn garanti pou di dechoukay ap bout nan peyi a tout tan kondisyon materyèl egzistans moun pa chanje.”

“Si pa gen bon jan desizyon ki pran pita ka pi tris”, fè konnen Max Antonentz Charles.

Gathely D. CHERY

A propos de l'auteur:

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :